Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
 Haiti-Refondation.org

REVOKASYON DANIEL SUPPLICE-la : YON BON DESIZYON! par Daly Valet

23 Juillet 2015, 05:02am

Publié par haiti-refondation-org

Des milliers d'Haïtiens fuient la République Dominicaine vers Haïti

Des milliers d'Haïtiens fuient la République Dominicaine vers Haïti

Par Daly VALET
Prezidan Martelly, an tan ke otorite k ap dirije diplomasi peyi a, revoke Daniel Supplice kòm Anbasadè Ayiti nan Sendomeng. Se yon bon desizyon. Daniel Supplice t ap mal konpote l nan dyòb la.
Se yon lèt misye voye bay Prezidan Martelly nan dat 14 jiyè a ki gate bagay la nèt. Epi deklarason l sou pwogram Pidi a mete Leta ayisyen nan yon move sitiyasyon devan Dominiken yo.
Mwen li lèt 14 Jiyè Daniel Supplice voye bay Prezidan Martelly a. M ka di nou se grav. Se kòm si misye mande Prezidan Martelly fè bèk atè devan awogans Dominiken yo e ke pou diplomasi ayisyènn nan ta abandonnen demach y ap fè pou fè kominote entènasyonal la enplike fon nan dosye depotasyon sovaj Dominiken yo ap fè kont Ayisyen lakay yo.
Nan rapo sa, Daniel Supplice montre li alamis anpil pou jan li montre Sendomeng pre pou l fè reprezay kont Ayiti si gouvemman Ayisyen an ta kontinye ap denonse devan lopinyon piblik entènasyonal atitid rasis e sovaj Dominiken yo nan dosye denasyonalizasyon ak depotasyon an.
Mwen ka di nou menm jou 14 jiyè a, Minis Afè Etranje dominiken an, mouche Navaro te konvoke Daniel Supplice nan ministè li a pou rale zòrèy li e mande l pou Ayiti sispann pale de dosye denasyonalizasyon ak depotasyon an nan fòwom entènasyonal la. Tankou yon bèkèkè soti l soti nan reynyon ak mouche Navaro a li ekri prezidan Martelly pou mande l fè diplomasi Ayisyènn nan mete dlo nan diven l nan ofansiv diplomatik yo kont Sendomeng sou sènn entènasyonal la.
Daniel Supplice menm di Prezidan Martelly li pa kapab ap mennen 3 batay an menm tan : yon batay pou fè eleksyon, yon batay kont dekot goud la ak yon batay kont Sendomeng. Anfèt Daniel Supplice mande Martelly pou l kite Dominiken yo fè sa yo vle, sinon sa ka tounen kont Ayiti pi mal toujou.
Daprè sa m apran bò kote yon gwò ofisyèl nan Palè, depi lè Daniel Supplice t ap pran dyòb Anbasadè a nan Sendomeng li te deja di li pa pra l goumen ak Doimiken yo pou pèsonn.
Verite a yon Anbasadè pa la pou l al goumen ak peyi koye li ye a. Li la pou defann enterè peyi pa l kout ke kout. Se vrè djob li sa.
Jou ki te jedi 2 jiyè a mwen te pibliye yon tèks sou paj Facebook mwen an ki te rele » Kidnaping diplomatik « .
Nan tèks sa mwen te denonse konpòtman biza Anbasadè Ayiti nan Sen Domeng ki se Daniel Supplice. Nan moman Daniel Supplice t ap mache bay entèvyou nan medya kote li te vle fè konprann pa gen dèpotasyon masif vrèman kont Ayisyen, e ke atitud Sendomeng lan korèk. Misye t ap banalize aksyon baba, rasis e kriminèl Gouvènman dominiken an kont frè ak sè Ayisyen nou yo ki lakay yo pou travay ak etidye.
Daniel Supplice te plis ap pale tankou yon ajan dominiken ki enfiltre diplomasi Ayisyènn nan ke an tan ke yon reprezantan diplomatik Ayiti k ap defann entèrè peyi l. Se sa k fè mwen te rele tèks mwen an kidnaping diplomatik. Depi ak ansyen PM Lamothe Dominiken yo sanble te kidnape diplomasi nou an vreman. Akoz enterè ekonomik yo ak foli vin prezidan yo ak finansman dominiken, ekip Lamothe la te livre dosye denasyonalizasyon an, retire l sou sèn miltilateral la pou vin jere l kot a kot nan fo dyalòg bilateral ak gouvènman dominiken an. Men tou sa se te metdam…. Komisyon bilateral ekip sa te mete sou pye a se te yon kou mètdam pou kache fèy kouvri sa.
Depi Komisyon sa te mete sou pye, gouvenman dominiken an vin pi awogan anvè Ayiti sou dosye denasyonalizasyon an. Paske Lamothe te fè bèk atè, Dominiken yo vin ap jwe sou kòd rèd…san moli.
Se nan kontèks awogans yon bò ak atitud restavèk yon lòt bò ke Daniel Supplice vin Anbasadè Ayiti nan Sendomeng. Lè misye rive nan djob la mwen te aplodi. Mwen te aplodi akoz eksperyans diplomatik misye e akoz konesans istorik li. Men elas…se te yon desepsyon total pou mwen.
Daniel Supplice vin pèdi respè m antan ke patriyot nasyonalis akòz pandan deklarasyon tèt anba, sispèk l ap pede fè nan medya Ayiti ak Sendomen nan dosye denasyonalizasyon jenosidè ak depotasyon sovaj la. Daniel Supplice plis ap blame Ayiti ak Leta Ayisyen ke pou l ta defann enterè Ayiti ak pèp Ayisyen an. Se pa nòmal. Wòl yon Anbasadè se defann peyi w ak Gouvènman ou reprezante a nan nenpòt sikonstans. Se pa pou defann gouvenman etranje kote w ou nonmen an e blame piblikman pwòp Leta peyi w. Bizaman se sa Daniel Supplice t ap fè depi li rive Sendomeng kòm Ambasadè.
Prezidan Martelly revoke Daniel Supplice kòm Ambasadè Ayiti nan Sendomeng. Prezidan Martelly gen rezon. Si m te nan plas Martelly m t ap fè menm bagay la. Dayè li te sipoze rele misye tounen definitivman an Ayiti lontan sa deja.
M ka di nou menm ansyen Anbasadè Ayiti nan Sendomeng Fritz Cineas pa dakò ak atitud Daniel Supplice nan dyob la. Poutan nou tout konnen Fritz Cineas modere anpil ak Dominiken yo e ke li pa t pi bon ke sa nan jesyon relasyon ant 2 peyi yo.
Nou bezwen yon Ambasadè ki gen eskanp figi pou al reprezante nou kòm Anbasadè nan Sendomeng. Epi fòk nou veye tout sa Ansabadè sa ap di e fè pandan li nan dyòb la san neglije denonse yo piblikman lè y ap konpote yo plis an tan ke ajan dominiken ke reprezantan Ayiti k ap defann kòm sa dwa enterè pèp ayisyen nan panyòl.
Pandanstan ann kontinye denonse nan tout fowòm entènasyonal, devan lopinyon piblik entènasyonal politik rasis denasyonalizasyon ak depotasyon sovaj Sendomeng ap pratike kont tout moun ki gen san Ayisyen.
Daly Valet

 

Commenter cet article